Konekte Enskri

Politique de Confidentialité

Aprann kijan PSL (PwofiSanLimit) pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou ak tout done ou pataje ak nou.

Dènye mizajou: 01 Jan 2026

Angajman Nou

Entwodiksyon

PSL (PwofiSanLimit) angaje pou pwoteje vi prive tout itilizatè yo. Politique de confidentialité sa a nou vini ak li pou ede'w konprann tout enfòmasyon nou gen pou ba'w yo, kijan nou itilize yo, sa nou fè pou nou pwoteje yo, e pou nou ede'w pran desizyon ki pi klè yo pandan w'ap itilize sit wèb nou an.

Politique de confidentialité sa a aplike sou ak tout sit wèb ki gen referans avèk Politique de confidentialité sa, ak tout sit wèb nan sosyete nou an.

Idantifikasyon Pèsonèl

Ki enfòmasyon nou kolekte

Nou ka kolekte enfòmasyon ou an plizyè fason:

  • Lè yon elèv anrejistre pou kou nou an
  • Lè ou rezève plas ou pou ZOOM dimanche yo
  • Si ou kreye yon kont sou sit wèb nou an

PSL ka pran enfòmasyon sèlman si ou aksepte mete enfòmasyon ou sou sit wèb nou an. Men si ou pa vle mete kèk enfòmasyon, ou ka pa gen aksè avèk kèk fonksyonalite nan PSL.

Enfòmasyon pèsonèl yo se enfòmasyon nou kapab itilize pou identifye ou pèsonèlman tankou: non ou, siyati ou, adrès imèl ou.

Kijan Nou Itilize Enfòmasyon Ou

Objektif itilizasyon

Lekol PSL ka itilize enfòmasyon ou pou rezon sa yo:

  • Pou nou amelyore sèvis kliyan nou yo avèk demand ou fè epi pou nou sèvi ou pi byen
  • Nou ka itilize enfòmasyon ou pou nou fè sèvis la vin pi pèsonalize
  • Imèl ou ka itilize pou nou ka voye nouvo bagay nou gen pou nou prezante avèk kesyon elèv yo genyen de kou a

Pataje Enfòmasyon Pèsonèl Ou

Sekirite done ou

Nou nan PSL pa janm pataje, vann, oubyen echanje nenpòt enfòmasyon ou mete sou sit wèb nou.

Done ou rete konfidansyèl e nou pran tout mezi pou pwoteje yo kont aksè ki pa otorize.

Google Analytics

Analiz sit wèb

Sit wèb nou an itilize Google Analytics pou nou kapab swiv enfòmasyon ki konsène itilizasyon sit wèb la. Nou kapab swiv tout enfòmasyon ki founi sou navigatè ou an, oubyen sou w'ap itilize sit wèb sa nenpòt aparèy ou konekte ak sit wèb PSL la, peryòd de tan, ak lòt enfòmasyon nou pa identifye'w pèsonèlman.

Nou kapte enfòmasyon sa yo pou yon bon fonksyonman sit wèb sa ak yon bon kalite.

Kominikasyon pa Imèl

Korespondans

Dapre enfòmasyon pèsonèl ou ba nou yo, nou ka kominike avèk ou an repons a demand ou yo pou nou ba'w sèvis ou mande yo ak pou jere kont ou. Nou pral kominike avèk ou pa imèl oswa sou platfòm Telegram nou, selon volonte ou.

Nou ka sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ou tou pou voye mizajou ak lòt kominikasyon pou pwomosyon. Si ou pa vle resevwa mizajou sa yo pa imèl ankò, ou ka refize resevwa yo si w suiv enstriksyon ki enkli nan chak mizajou oswa kominikasyon yo.

Rezo Sosyo

Prezans sosyal

Nou prezan sou plizyè rezo sosyal. Nou ka kolekte enfòmasyon lè ou kominike avèk kont ak paj medya sosyal nou yo.

Tout Dwa Rezève

Dwa ou yo

Ou ka chwazi mete restriksyon sou koleksyon oswa itilizasyon enfòmasyon pèsonèl ou nan fason sa yo:

  • Chak fwa yo mande w ranpli yon fòm sou sit wèb la, chèche kare ou ka klike pou endike ke ou vle enfòmasyon yo itilize pou rezon maketing dirèk epi kite li pa koche
  • Si ou te deja dakò pou nou itilize enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon maketing dirèk, ou ka chanje lide a nenpòt ki lè
  • Ekri nou oswa voye yon imèl ba nou pou nenpòt demand

Nou pap vann, distribye oswa lwe enfòmasyon pèsonèl ou bay yo, sof si nou gen pèmisyon ou oswa lalwa egzije nou pou fè sa.

Si ou kwè ke nenpòt enfòmasyon nou kenbe sou ou pa kòrèk oswa enkonplè, tanpri ekri nou oswa imèl nou pi vit posib. Nou pral korije san pèdi tan nenpòt enfòmasyon ki pa kòrèk.

Lyen Nou Transfere'w ak Lòt Sit Wèb

Lyen ekstèn

Nan kèk pati nan sit wèb la, nou ka bay lyen oswa konpatibilite ak lòt sit entènèt oswa aplikasyon. Sepandan, nou pa responsab pou pratik sou enfòmasyon prive yo anplwaye nan lòt sit wèb sa yo oubyen enfòmasyon oswa kontni ki ladan yo.

Règleman sou enfòmasyon prive sa a aplike sèlman pou enfòmasyon nou kolekte atravè PwofiSanLimit la. Nou ankouraje itilizatè nou yo li deklarasyon sou enfòmasyon prive lòt sit wèb yo anvan yo sèvi ak yo.

Laj Matirite pou Itilize Sit Wèb Sa

Kondisyon laj
Lè w itilize sit wèb la, fè nou konnen ke ou gen omwen 12 an.

Enfòmasyon de Trading

Avètisman enpòtan
Trading nan mache a pote anpil risk. Pèfòmans pase pa garanti rezilta fiti. Nou pa avizè finansye. Enfòmasyon nan kou PSL la se pou edikasyon. Silvouplè, envesti sa ke ou konfòtab riske.
PSL pap janm kontakte'w anvan pou'w envesti nan okenn lòt pwogram. Fè atansyon ak eskamè yo. Toujou konfime avèk nou si ou sispèk yon moun kontakte'w pou yon lòt sèvis.

Modifikasyon nan Politique de Confidentialité

Chanjman

Konpayi an rezève dwa pou modifye Règleman sou enfòmasyon prive ak Kondisyon Itilizasyon nou yo nenpòt ki lè. Si nou deside chanje règleman sa, n'ap poste chanjman sa yo sou paj sa a pou w toujou konnen ki enfòmasyon nou kolekte, kijan nou itilize yo, ak nan ki sikonstans nou pwoteje yo.

Se sèl responsablite'w pou tcheke sit wèb sa a detanzantan pou w vin okouran de nenpòt chanjman sa yo nan kondisyon ki nan règleman nou. Si ou pa dakò ak nenpòt chanjman, imèl nou pou bay doleyans ou, sinon ou dwe sispann aksè nan sit entènèt sa a.

Ou Gen Kesyon?

Si ou gen nenpòt kesyon konsènan règleman sou enfòmasyon prive nou, tanpri kontakte nou.

Voye Imèl